ZOUTI - Jesyon Retrè

Kisa yon Retrè ye?

Yon retrè se lajan ki soti nan kont antrepriz la, swa paske:

  • Yon kliyan resevwa ranbousman oswa peman
  • Antrepriz la peye yon founisè oswa yon salè
  • Yon retrè dirèk fèt nan kont la

Objektif prensipal jesyon retrè yo:
Asire tout lajan k ap sòti byen anrejistre
Pèmèt ou suiv tout tranzaksyon ki fèt
Evite erè oswa lajan ki pa kontabilize


Estrikti Retrè yo

Chak retrè gen eleman sa yo:

Chan Deskripsyon
ID Retrè Nimewo inik pou retrè an
Montan Kantite lajan ki soti
Deviz Monnen retrè an fèt la
Tip Retrè Ranmousman, Peman Founisè, oswa Retrè Dirèk
Moun/Antite Ki moun/oswa ki antrepriz ki resevwa retrè a
Moyen Peman Metòd peman yo itilize
Dat Retrè Kilè tranzaksyon an fèt

Operasyon ki fè pati Jesyon Retrè yo

Kreye yon nouvo retrè

Yon itilizatè ki gen otorizasyon ka anrejistre yon nouvo retrè.

Etap yo:

  • Chwazi tip retrè an: Ranmousman, Peman Founisè, oswa Retrè Dirèk
  • Antre moun oswa antrepriz ki resevwa retrè a
  • Mete montan ak deviz retrè a
  • Chwazi moyen peman an
  • Sove retrè a

Afiche tout Retrè yo

Itilizatè yo ka wè tout tranzaksyon retrè yo.

Yo kapab:
lis tout retrè ki fèt
rechèch sou yon retrè pa ID oswa non moun/antrepriz ki te resevwa l
retrè yo selon tip yo (ranmousman, peman founisè, elatriye)


Modifye yon Retrè

Yon retrè ki egziste ka modifye sèlman si li pa deja valide.

Yo ka modifye:

  • Montan lajan an
  • Tip retrè an
  • Moun/oswa antrepriz ki resevwa retrè a
  • Moyen peman an

Yon retrè ki deja valide pa ka modifye!


Siprime yon Retrè

Yon retrè ka efase si li pa nesesè ankò.

Kondisyon:
Si retrè a poko valide, li ka efase
Si retrè a te deja valide, li ka sèlman inaktive

Yon fwa sipresyon an fèt, li pa ka retabli ankò!


Suiv Retrè yo

Sistèm lan pèmèt ou swiv chak retrè ki fèt selon kategori li.

Tip Retrè Deskripsyon
Ranmousman Lajan ki soti pou ranbouse yon kliyan
Peman Founisè Lajan ki sòti pou peye yon founisè oswa yon sèvis
Retrè Dirèk Lajan ki retrè san okenn peman ni ranmousman

Tout chanjman sou retrè yo ap anrejistre pou transparans.


Sekirite ak Otorizasyon

Se sèlman itilizatè ki gen otorizasyon ki ka fè aksyon sou retrè yo.

Tout aksyon sou retrè yo ap anrejistre pou sekirite ak kontwòl pi fasil.