ZOUTI - Jesyon Mezi

Kisa yon mezi ye?

Yon mezi se yon kalite kontenè ki ka ranmase ansanm plizyè inite yon pwodwi. Sa vle di, lè ou itilize yon mezi, li reprezante yon kantite inite espesifik ki fè pati pwodwi a. Nan sistèm nan, chak mezi dwe pi gwo pase inite pwodwi a ki deja anrejistre.

Egzanp:

  • Si ou gen yon pwodwi Riz anrejistre nan inite Bwat, ou ka ajoute yon mezi Sak pou reprezante plizyè bwat riz.
  • Yon lòt egzanp: Si ou gen Òdinatè kòm pwodwi, ou ka kreye mezi Tòn, ki pral reprezante yon kantite espesifik òdinatè (egzanp: 1 tòn = 20 òdinatè).

Lojik Jesyon Mezi

Lè ou ajoute yon mezi, ou bezwen presize:

  • Non mezi a (ki kalite kontenè ou ap itilize, tankou sak, tòn, douzèn, elatriye)
  • Senbòl mezi a (egzanp: TN pou tòn, DZ pou douzèn)
  • Kantite inite ki fè pati mezi la (ki kantite inite pwodwi ou genyen nan yon mezi)

Lè ou anrejistre yon mezi, sistèm nan pral toujou konekte inite ki koresponn ak mezi la. Sa vle di, lè ou itilize mezi la nan tranzaksyon yo, kantite inite pwodwi yo pral otomatikman kalkile selon kantite mezi la genyen.

Yon menm mezi ka itilize pou plizyè pwodui ak plizyè sèvis. L ap toujou gen menm kantite a.

Egzanp:
Si ou kreye yon mezi Tòn pou pwodwi Òdinatè epi ou mete 1 tòn = 20 òdinatè, lè ou vann yon tòn òdinatè, sistèm nan pral retire 20 òdinatè nan kantite total ki te deja anrejistre sou sistèm nan.

Karakteristik pou anrejistreman yon mezi

Lè ou ap kreye yon mezi nan sistèm nan, ou dwe presize:

  • Non mezi la: Deskripsyon mezi la (egzanp: Sak, Tòn, Douzèn)
  • Senbòl mezi la: Yon abreje pou mezi la (egzanp: TN pou Tòn)
  • Kantite inite: Kantite inite pwodwi ki fè pati yon mezi (egzanp: 1 tòn = 20 òdinatè)

Si tout fwa yon menm mezi pa gen menm kantite pou tout pwodui oswa tout sèvis li ka mezire, annik diplike mezi sila, pou w gen 2 varyan mezi la, ak non epi kantite diferan.

Egzanp:

  • Ou ka gen TÒN_Òdinatè ki gen 20 kòm kantite.
  • Ou ka gen TÒN_Diri ki gen 50 kòm kantite.

Itilizasyon Mezi nan Vant ak Jesyon Estòk

Mezi yo itilize nan tout tranzaksyon ki fèt sou sistèm nan. Lè ou vann oswa ou modifye estòk, ou ka fè sa swa nan inite, swa nan mezi.

Egzanp:

  • Si ou genyen 40 òdinatè nan estòk epi ou vann 1 tòn òdinatè, sistèm nan ap otomatikman retire 20 òdinatè nan estòk la (si 1 tòn = 20 òdinatè).
  • Si ou ajoute 2 sak riz nan estòk epi chak sak gen 50 bwat riz, sistèm nan ap ajoute 100 bwat nan estòk total la.

Kalkil Otomatik nan Sèvis Mezi

Lè ou fè tranzaksyon an mezi, sistèm nan pral otomatikman konvèti mezi yo nan inite pwodwi a epi kalkile kantite total la. Sa fè jesyon estòk ak vant pi fasil, san ou pa bezwen antre kantite inite manyèlman chak fwa.

Egzanp:
Si ou genyen yon estòk 40 òdinatè epi ou vann 2 tòn òdinatè, sistèm nan ap kalkile 2 tòn * 20 òdinatè = 40 òdinatè epi retire tout kantite a nan estòk la.

Alèt ak Swivi

Sistèm nan kapab mete alèt pou avèti w si estòk nan inite oswa mezi ap desann anba yon nivo minimòm. Sa itil pou kontwole kantite pwodwi yo epi asire ke ou pa manke estòk pandan tranzaksyon yo.