ZOUTI - Jesyon Kategori

Ki sa yon Kategori ye?

Yon kategori se yon fason pou klase ak òganize tout pwodui oswa sèvis ki egziste nan sistèm ZOUTI.

Objektif prensipal kategori yo:
Pèmèt itilizatè yo byen òganize tout sèvis ak pwodui yo
Fasilite rechèch ak filtraj eleman yo
Evite dezòd lè sistèm lan gen anpil sèvis oswa pwodui


Estrikti Kategori yo

Chak kategori gen eleman sa yo :

Karakteristik Deskripsyon
ID Kategori Nimewo inik pou kategori a
Non Kategori Non kategori a
Deskripsyon Ki eksplike sa kategori a reprezante
Estati Si kategori a aktif oswa inaktif
Dat Kreye Kilè kategori a te kreye `

Operasyon ki fè pati jesyon kategori yo

Kreye yon Kategori

Yon itilizatè ki gen otorizasyon ka kreye yon nouvo kategori.

Etap yo:

  • Rantre **non kategori a
  • Mete yon deskripsyon si aplikab
  • Mete Tip kategori a (Sèvis, Pwodui)

Afiche tout Kategori yo

Itilizatè yo ka wè tout kategori ki disponib yo.

Yo kapab:

  • lis tout kategori ki anrejistre yo
  • rechèch sou yon kategori ak non li
  • Filtre kategori yo

Modifye yon Kategori

Yon kategori ki egziste ka modifye si sa nesesè.

Yo ka modifye:

  • Non kategori a
  • Deskripsyon li

Atansyon: Si yon kategori modifye, tout pwodui oswa sèvis ki asosye ak li yo ap toujou rete.


Siprime yon Kategori

Yon kategori ka efase si li pa nesesè ankò.

Kondisyon:
Si kategori a pa gen okenn pwodui oswa sèvis li asosye ak li, li ka efase san pwoblèm.

Yon fwa sipresyon an fèt, li pa ka retabli ankò!


Diplike yon Kategori

Si w bezwen kreye yon nouvo kategori ki sanble ak yon ansyen, ou ka diplike kategori sa.

Lè w double yon kategori :

  • Nouvo kategori a ap kenbe tout paramèt ki pa inik nan ansyen an
  • W ap ka modifye li avan ou anrejistre li
  • Nouvo kategori a ap gen yon nouvo idantifyan