Nan sistèm ZOUTI, yon seksyon se yon gwoup (tenant, annexe) ki reprezante yon inite nan yon konpayi oswa òganizasyon. Chak itilizatè nan sistèm nan dwe asiyen nan omwen yon seksyon, ak yon super admin gen aksè total sou tout seksyon ki anrejistre nan sistèm nan.
Super admin ka kreye seksyon yo pou gwoupman itilizatè yo. Chak seksyon ka gen itilizatè ki asiyen ladan li pou jere aktivite espesifik nan sistèm nan.
Super admin lan gen tout aksè pou wè epi jere chak seksyon ki anrejistre nan sistèm nan. Sa vle di:
Chak itilizatè dwe afekte nan omwen yon seksyon pou yo ka jwenn aksè nan resous yo ki nan sistèm nan. Yon itilizatè ka fè pati plizyè seksyon si li nesesè.
Jesyon seksyon nan sistèm ZOUTI se yon fonksyon enpòtan ki pèmèt biznis lan gen yon estrikti byen òganize. Li bay super admin lan kapasite pou kontwole ak jere tout seksyon ak itilizatè yo nan yon fason efikas.