ZOUTI - Jesyon Kliyan

Ki sa yon Kliyan ye?

Yon kliyan se yon moun oswa yon antrepriz ki itilize sèvis ou yo oswa achte pwodui ou yo.
Sistèm ZOUTI pèmèt ou anrejistre, modifye ak jere kliyan ou yo fasilman.

Objektif prensipal jesyon kliyan yo:
Permet antrepriz la jere lis tout kliyan li yo
Kenbe tout enfòmasyon sou kliyan san konplikasyon
Fasilite rechèch ak filtraj kliyan yo
Asire transparans sou tout tranzaksyon ak kliyan


Estrikti yon Kliyan

Chak kliyan gen eleman sa yo:

Champs Deskripsyon
ID Kliyan Nimewo inik pou kliyan an
Non Kliyan Non konplè oswa non antrepriz la
Imèl Adrès imel kliyan an
Telefòn Nimewo telefòn kliyan an
Adrès Adrès kliyan an
TIP Ki pral di si kliyan se yon Patikilye pswa yon Enstitisyon
Estati Si kliyan an aktif oswa inaktif
Dat Kreye Kilè kliyan an te anrejistre
Dènye Modifikasyon Kilè li te modifye pou dènye fwa

Operasyon ki fè pati jesyon Kliyan yo

Kreye yon Kliyan

Yon itilizatè ki gen otorizasyon ka kreye yon nouvo kliyan.

Etap yo:

  • Rantre non kliyan an (egzanp: Jean Pierre)
  • Mete imèl li (si disponib)
  • Ajoute telefòn li
  • Mete adrès li
  • Antre NIF/CIN (si sa nesesè)
  • Chwazi si kliyan an aktif oswa inaktif
  • Sove kliyan an

Afiche tout Kliyan yo

Itilizatè yo ka wè tout kliyan ki disponib yo.

Yo kapab:
lis tout kliyan ki anrejistre yo
rechèch sou yon kliyan ak non li oswa nimewo li
Filtre kliyan yo selon estati yo (Aktif/Inaktif)


Modifye yon Kliyan

Yon kliyan ki egziste ka modifye si sa nesesè.

Yo ka modifye:
Non li
Imèl li
Telefòn li
Adrès li
Estati li (Aktif/Inaktif)

Atansyon: Chak chanjman sou yon kliyan ap anrejistre pou referans.


Siprime yon Kliyan

Yon kliyan ka efase si li pa nesesè ankò.

Kondisyon:
Si kliyan an pa asosye ak okenn tranzaksyon, li ka efase san pwoblèm.
Si kliyan an deja asosye ak tranzaksyon, li dwe inaktive olye de efase li.

Yon fwa sipresyon an fèt, li pa ka retabli ankò!


Jere Kont Kliyan yo

Si antrepriz la itilize modil Mikrofinans, chak kliyan ka gen yon kont finansye.

Aksyon ki posib sou kont kliyan:
Kreye yon kont ak yon dépò inisyal
Modifye detay kont lan (egzanp: non kont lan)
Fè depo ak retrè
Tcheke tout tranzaksyon kliyan an

Se sèlman administratè yo ki gen aksè sou tout kont kliyan yo.


Sekirite ak Otorizasyon

Se sèlman itilizatè ki gen otorizasyon ki ka fè aksyon sou kliyan yo.

Wòl Aksyon ki otorize
Administratè Kreye, modifye, siprime, jere kont kliyan
Anplwaye Afiche kliyan, modifye enfòmasyon
Kliyan Wè enfòmasyon pèsonèl li sèlman

Tout aksyon sou kliyan yo ap anrejistre nan sistèm lan pou transparans ak sekirite.