ZOUTI - Jesyon Tranzaksyon (Mikwofinans)

Fè yon Depo sou yon Kont

Yon depo se yon operasyon kote yon itilizatè ajoute lajan sou kont li.

Etap yo:

Chwazi kont lan Mete kantite lajan an Fè tranzaksyon an Balans lan ap ajiste otomatikman

Egzanp:

  • Kont Jean Michel gen 5,000 HTG
  • Li depoze 2,000 HTG
  • Nouvo balans lan se 7,000 HTG

Fè yon Retrè sou yon Kont

Yon retrè se yon operasyon kote yon itilizatè pran lajan sou kont li.

Etap yo:

Chwazi kont lan Mete kantite lajan an Verifye si balans lan ase Fè tranzaksyon an Sistèm lan ajiste balans lan

Atansyon: Si balans lan pa ase, retrè a pap posib.


Fè yon Transfè

Yon transfè se yon operasyon kote yon moun voye lajan soti nan yon kont pou ale nan yon lòt kont.

Etap yo:

Chwazi kont sous kote lajan an ap soti Chwazi kont destinasyon ki pral resevwa lajan an Verifye si balans kont sous lan ase Mete kantite lajan pou transfè a Fè tranzaksyon an Sistèm lan modifye balans de kont yo

Egzanp:

  • Jean Michel gen 10,000 HTG epi li voye 2,500 HTG bay Marie Claude
  • Jean Michel: 7,500 HTG
  • Marie Claude: + 2,500 HTG sou balans li