ZOUTI - Jesyon Pwodui
Lis Pwodwi Disponib
Entèfas sa a montre tout pwodwi ki disponib nan sistèm nan avèk yon kantite ki plis pase zewo (minimum 1).
Siw bezwen wè tout pwodui nèt, ale nan paj estòk la ki montre tout pwodwi nan sistèm nan, kèlkeswa kantite yo genyen.
Sa vle di menm pwodwi ki gen yon kantite zewo ap parèt nan paj estòk la.
Aksyon Disponib sou Pwodwi yo
Nan meni aksyon ki disponib pou chak pwodwi, ou ka fè:
- Archivé : Mete pwodwi a nan yon dosye achiv pou retire l nan lis aktif yo.
- Dupliquer : Kreye yon kopi pwodwi ak menm detay yo.
- Supprimer : Retire pwodwi a nan sistèm nan.
- Forcer Supprimer : Efase pwodwi a definitivman, menm si li gen restriksyon.
Logik Enskripsyon Pwodwi ak Mezi
Pwodwi ak mezi yo lye ansanm. Pou enskri yon pwodwi, ou bezwen defini kantite minimòm yon pwodwi dwe
genyen. Men kijan sa mache:
Definisyon Kantite Minimòm
- Egzanp :
- Òdinatè : Kantite minimòm se youn (1) òdinatè.
- Diri : Kantite minimòm ka yon bwat, yon sak, yon machin diri, oswa yon mèt diri.
- Chemiz : Kantite minimòm se yon chemiz, men ou ka defini yon mezi douzèn (12 chemiz).
- Kouwòn : Kantite minimòm pa ka youn sèl, men ou ka defini yon mezi tankou yon liv kouwòn.
Pwosesis Enskripsyon
Kreye Pwodwi :
- Antre non pwodwi a (e.g., Kouwòn).
- Chwazi koleksyon (e.g., Matyè Konstriksyon).
- Defini kantite minimòm (e.g., 5 liv kouwòn).
Defini Mezi :
- Pou yon chemiz, ou ka ajoute yon mezi douzèn (12 chemiz).
- Pou kouwòn, ou ka defini mezi tankou liv (liv kouwòn).
Diferans Ant Kantite ak Kantite Minimòm
- Kantite : Kantite reyèl ki disponib nan estòk la.
- Kantite Minimòm : Kantite ki defini pou kontwole nivo estòk epi jenere alèt lè estòk la ap vin ba.
Paramèt Enpòtan nan Jesyon Pwodui
Lè w ap enskri oswa modifye yon pwodwi, plizyè paramèt enpòtan bezwen defini:
- Koleksyon : Kategori oswa seksyon pwodwi a fè pati ladan li.
- Kategori : Espesifikasyon plis detaye sou tip pwodwi a.
- Tags : Mo kle ki asosye ak pwodwi a pou fasilite rechèch.
- Kantite : Kantite reyèl ki disponib nan estòk.
- Kantite Minimòm : Kantite seuil pou jenere alèt sou nivo estòk.
De Kalite Enskripsyon Pwodwi
Pwodwi Ki Deja Enskri
Si yon pwodwi deja egziste nan sistèm nan avèk yon kantite, ou kapab:
- Ale nan paj estòk.
- Ajoute kantite achte oswa ogmante kantite ki disponib nan pwodwi a.
Nouvo Pwodwi
Si yon pwodwi pa egziste nan sistèm nan, ou dwe:
- Ale nan modil pwodwi.
- Kreye nouvo pwodwi.
Diplikasyon Pwodwi
Pou pwodwi ki sanble (e.g., Chemiz Long ak Chemiz Kout):
- Duplike pwodwi ki deja egziste (e.g., Chemiz Kout).
- Modifye non an ak kantite a san ou pa oblije pase tan nan kreye yon nouvo pwodwi soti nan zewo.
Konklizyon
Jesyon estòk nan ZOUTI pèmèt antrepriz yo kontwole ak administre envantè yo avèk presizyon. Avèk de entèfas
prensipal pou jesyon pwodwi ak estòk, ansanm ak posibilite pou ajoute, modifye, ak diplike pwodwi yo, sistèm nan ofri
yon solisyon fleksib ak efikas pou satisfè bezwen operasyonèl antrepriz yo.