ZOUTI - Jesyon Itilizatè

Modil jesyon itilizatè a se yon pati enpòtan nan sistèm ZOUTI a, epi li pèmèt administratè a kontwole ki moun ki gen aksè a lojisyèl an ak ki sa chak itilizatè ka fè. Se superadministratè a ki responsab pou jere itilizatè yo epi asiyen yo wòl ak aksè selon bezwen antrepriz la.

Aktivasyon Modil Jesyon Itilizatè

Pou kapab itilize modil jesyon itilizatè a, modil sa a aktive nan paramèt** sistèm lan.

  • Ale nan meni paramèt yo.
  • Verifye si modil Jesyon Itilizatè a aktive. Si li pa aktive, fè sa pou itilizatè yo ka kòmanse itilize sistèm lan.

Kreye Kont Itilizatè

Nan sistèm ZOUTI, itilizatè yo pa ka kreye kont yo poukont yo. Se superadministratè a sèlman ki ka kreye kont itilizatè pou chak moun ki ap sèvi ak sistèm nan.

  • Itilizatè yo pa ka enskri dirèkteman sou platfòm lan.
  • Superadministratè a ap kreye kont itilizatè yo, epi li ap bay chak moun yon non itilizatè ak yon modpas pou premye login.

Login Itilizatè

Yon fwa kont itilizatè a kreye, itilizatè a ka konekte nan sistèm lan avèk non itilizatè ak modpas li. Pandan premye login yo, yo ap resevwa aksè selon wòl ak privilèj ki asiyen yo.

Modifikasyon Kont Itilizatè

Itilizatè yo ka modifye sèten detay sou kont pèsonèl yo atravè seksyon pwofil yo. Yo ap gen opsyon pou ajiste enfòmasyon pèsonèl yo tankou:

  • Modpas: Itilizatè a ka chanje modpas default la ak youn ki pi an sekirite.
  • Foto: Yo ka telechaje oswa modifye foto pwofil yo.
  • Non ak Prénom: Yo ka modifye non yo si sa nesesè.
  • Imèl: Itilizatè a ka mete ajou adrès imel li.
  • Siyati: Si gen opsyon siyen dokiman oswa kontra, itilizatè a ka chwazi siyen dijitalman.

Tout chanjman sa yo ap aplike sèlman sou kont itilizatè a, san li pa afekte wòl oswa privilèj ki te asiyen li.

Afektasyon Itilizatè a Depatman oswa Seksyon

Nan sistèm ZOUTI, chak itilizatè dwe afekte a yon seksyon oswa depatman espesifik nan antrepriz la. Sa fè sistèm nan fleksib epi byen adapte ak estrikti konpayi yo.

Seksyon oswa Depatman

Yon seksyon se yon pati nan antrepriz la ki ka reprezante yon depatman, yon anèks oubyen nenpòt lòt divizyon** endepandan nan konpayi an.

  • Chak itilizatè kapab afekte a plizyè seksyon oswa depatman an menm tan.
  • Sa vle di yon itilizatè ka travay nan plis pase yon depatman selon bezwen yo.

Wòl ak Aksè Itilizatè yo

Tout itilizatè ap itilize lojisyèl an dapre aksè ak wòl ki defini pa superadministratè a.

Konklizyon

Modil jesyon itilizatè a nan ZOUTI pèmèt yon kontwòl fleksib ak dinamik sou ki moun ki ka fè kisa nan sistèm lan. Atravè sistèm wòl ak sekirite li yo, antrepriz ou ka asire ke tout itilizatè yo gen aksè egzakteman a sa yo bezwen, pandan l ap pwoteje done sansib ak operasyon kle yo.