Yon livrezon se yon pwosesis kote yon machandiz oswa yon sèvis ap soti oswa antre nan antrepriz ou. Sistèm ZOUTI a pèmèt ou jere livrezon yo, swiv estati yo, ak verifye tout tranzaksyon ki fèt**.
Objektif prensipal jesyon livrezon yo:
Asire tout machandiz k ap rantre ak sòti byen anrejistre
Pèmèt ou fè suiv livrezon yo fasilman
Asire kontwòl sou envantè ak resi livrezon yo
Evite pèdi machandiz oswa gen erè livrezon
Chak livrezon gen eleman sa yo:
Champs | Deskripsyon |
---|---|
ID Livrezon | Nimewo inik pou livrezon an |
Tip Livrezon | Si se yon livrezon Acha oswa Vant |
Founisè/Kliyan | Antrepriz oswa moun ki voye/oswa resevwa livrezon |
Dat Livrezon | Dat yo prevwa/oswa fè livrezon an |
Estati | Ki sitiyasyon livrezon an: An atant, An wout, Livrezon Fè |
Yon itilizatè ki gen otorizasyon ka anrejistre yon nouvo livrezon.
Etap yo:
Itilizatè yo ka wè tout livrezon ki fèt oswa ki an atant.
Yo kapab:
Wè lis tout livrezon ki disponib yo
Fè rechèch sou yon livrezon pa ID oswa founisè/kliyan
Wè livrezon ki an wout oswa ki fini
Yon livrezon ki egziste ka modifye sèlman si li pa deja valide.
Yo ka modifye:
Founisè/Kliyan
Dat livrezon an
Deskripsyon machandiz yo
Yon livrezon ki deja konfime pa ka modifye!
Yon livrezon ka efase si li pa nesesè ankò.
Kondisyon:
Si livrezon an poko konfime, li ka efase
Si livrezon an te deja fèt, li ka sèlman inaktive
Yon fwa sipresyon an fèt, li pa ka retabli ankò!
Se sèlman itilizatè ki gen otorizasyon ki ka fè aksyon sou livrezon yo.
Tout aksyon sou livrezon yo ap anrejistre pou sekirite ak kontwòl pi fasil.