ZOUTI - Jesyon Kont

Ki sa yon kont ye?

Yon kont se yon espas finansye ki asosye ak yon kliyan. Li pemèt yon moun fè transaksyon tankou depo, retrè, ak transfè.
Nan sistèm mikwofinans la, kont lan ka itilize pou kenbe lajan ak jere kouman li depanse.

Yon kont genyen yon nimewo inik ak yon mèt kont (kliyan) ki ka:

  • Mete lajan sou li (depo)
  • Retire lajan (retrè)
  • Voye lajan bay yon lòt moun (transfè)

Operasyon ki ka fèt sou yon Kont

Kreye yon Kont

Lè yon kont ap kreye, sistèm nan ap suiv etap sa yo:

  • Enskri mèt kont lan ak tout detay li yo.
  • Bay kont lan yon nimewo inik.
  • depo inisyal la ki obligatwa.
  • Mete kont lan aktif nan baz done a.

Modifikasyon Kont

Sistèm nan pèmèt modifikasyon karakteristik sila yo sou yon kont:

  • Modifye estati kont lan (aktif, sispann, fèmen)

Atansyon: Balans lan pa ka chanje dirèkteman, li sèlman chanje atravè transaksyon.


Konsilte Enfòmasyon sou yon Kont(AFICHE)

Yon itilizatè kapab wè :

  • Balans aktyèl
  • Lis tout transaksyon ki fèt
  • Dat ouvèti ak estati kont lan

Si kont lan s fèmen, okenn aksyon pa posib sou li.