ZOUTI - Jesyon Kòmann

Deskripsyon Jeneral

Sistèm ZOUTI pèmèt ou jere tout kòmann antrepriz la, kit se kòmann acha oswa kòmann vant.
Lè w ap kreye yon nouvo kòmann, ou dwe premye chwazi tip kòmann nan anvan lòt chan yo vin vizib.

Etap pou Ajoute yon Kòmann

Chwazi Tip Kòmann lan

Lè w klike sou "Ajoute Yon Kòmann", premye bagay ou dwe fè se chwazi tip kòmann lan.

  • Kòmann Acha → Lè antrepriz la ap achte yon pwodui oswa yon sèvis.
  • Kòmann Vant → Lè antrepriz la ap vann yon pwodui oswa yon sèvis.

Apre ou fin chwazi tip kòmann nan, tout lòt chan ki obligatwa yo ap parèt.

Ranpli Detay Kòmann lan

Ou dwe ranpli plizyè chan pou kòmann nan:

  • Kòd Kòmann ➝ Sistèm nan ap jere kòd la otomatikman.
  • Deskripsyon ➝ Ou ka mete detay sou kòmann lan.
  • Kliyan ➝ Chwazi kliyan an si se yon vant, oswa founisè a si se yon acha.
  • Rabè ➝ Si gen yon rabè sou kòmann lan.
  • Frè Adisyonèl ➝ Si gen lòt frè ki ajoute sou kòmann lan.
  • Total Net ➝ Montan final kòmann lan.
  • Balans ➝ Montan ki peye deja vs sa ki rete.
  • Estati Kòmann lan ➝ Ou ka mete li kòm "Poko Livre" oswa "Livre".
  • Dat ak Lè Livrezon Prevwa ➝ Antre dat kote ou panse livrezon an ap fèt.

Ajoute Eleman nan Kòmann lan

Chak kòmann ka gen youn oswa plizyè eleman. Lè w ajoute yon eleman, ou dwe chwazi si se yon pwodui oswa yon sèvis .

Detay sou chak chan:

  • Pwodui/Sèvis → Ou dwe chwazi si eleman an se yon pwodui oswa yon sèvis.
  • Deskripsyon → Bay detay sou eleman an.
  • Mezi → Chwazi inite mezi ki ap itilize pou eleman an (ex: kg, mèt, inite, elatriye).
  • Kantite → Mete kantite eleman yo.
  • Pri → Mete pri inite eleman an.
  • Rabè → Si gen rabè sou eleman an, mete li la.
  • Montan → Sistèm nan ap kalkile montan total otomatikman.

Jenerasyon Fakti Otomatik

Apre w fin mete tout eleman kòmann lan, sistèm nan ap jenere yon fakti otomatikman ki ka:

  • Telechaje an PDF.
  • Ekri sou sistèm nan pou referans.

Finalizasyon Kòmann lan

Lè w fin verifye kòmann lan, ou ka klike sou:

  • Ajoute → Pou ajoute kòmann lan.
  • Ajoute Kòmann sa epi Ajoute Yon Lòt → Pou ajoute li epi kontinye ak yon lòt.
  • Anile → Si ou vle anile kòmann lan.

Anviwònman Estati Kòmann lan

Sistèm nan pèmèt ou mete estati kòmann lan:

  • Poko Finalize → Si kòmann lan poko fini.
  • Finalize → Si li konplete.
  • Poko Livre → Si kòmann lan poko livrezon.
  • Livre → Si li deja livrezon.

Nòt:

  • Yon fakti ap otomatikman jenere pou chak kòmann ki valide.
  • Yon Kòmann ka modifye sèlman si li poko finalize.