ZOUTI - Jesyon Dèt

Kisa yon Dèt ye?

Yon dèt se yon sòm lajan yon moun oswa yon lòt antrepriz dwe bay antrepriz ou k ap itilize sistèm ZOUTI a. Sistèm lan pèmèt ou anrejistre, modifye, jere ak fè suivi sou tout dèt ki egziste.

Objektif prensipal jesyon dèt yo:
Kenbe tras sou tout dèt kliyan ak patnè dwe ou
Pèmèt ou rekipere lajan pi fasil ak bon rapò
Asire kontabilite antrepriz la presi
Evite pèdi lajan oswa bliye dèt ki poko peye


Estrikti Dèt yo

Chak dèt gen eleman sa yo:

Champs Deskripsyon
ID Dèt Nimewo inik pou dèt la
Kliyan / Founisè Non moun oswa antrepriz ki gen dèt la
Montan Dèt Sòm lajan ki dwe an goud (HTG)
Dat Kreyasyon Dat yo te anrejistre dèt la
Dat Limit Dat limit pou peye dèt la
Estati Si dèt la an atant, an pati peye, oswa peye

Operasyon ki fè pati jesyon Dèt yo

Kreye yon Dèt

Yon itilizatè ki gen otorizasyon ka anrejistre yon nouvo dèt.

Etap yo:

  • Chwazi kliyan oswa patnè ki dwe lajan an
  • Antre montan dèt la
  • Mete dat limit pou peman
  • Antre yon deskripsyon sou dèt la (si sa nesesè)
  • Sove dèt la

Afiche tout Dèt yo

Itilizatè yo ka wè tout dèt ki anrejistre yo.

Yo kapab:
lis tout dèt ki disponib yo
rechèch sou yon dèt pa non kliyan oswa montan
dèt ki ekspire oswa ki poko peye


Modifye yon Dèt

Yon dèt ki egziste ka modifye sèlman si pa gen peman ki fèt sou li.

Yo ka modifye:
Montan dèt la
Dat limit peman an
Estati dèt la

Yon dèt ki deja peye oswa an pati peye pa ka modifye!


Siprime yon Dèt

Yon dèt ka efase si li pa nesesè ankò.

Kondisyon:
Si dèt la poko gen peman sou li, li ka efase
Si dèt la te gen peman sou li, li ka sèlman inaktive

Yon fwa sipresyon an fèt, li pa ka retabli ankò!


Jere Pèman sou Dèt yo

Itilizatè yo ka mete peman sou dèt yo selon sa ki deja peye.

Aksyon ki posib sou peman:
Ajoute yon nouvo peman
Wè tout peman ki fèt sou yon dèt
Marke yon dèt kòm konplètman peye

Tout peman ki fèt yo ap anrejistre ak dat ak montan yo pou referans.


Sekirite ak Otorizasyon

Se sèlman itilizatè ki gen otorizasyon ki ka fè aksyon sou dèt yo.

Wòl Aksyon ki otorize
Administratè Kreye, modifye, siprime, jere peman dèt
Kontab Wè tout dèt, ajoute peman
Anplwaye Afiche lis dèt yo

Tout aksyon sou dèt yo ap anrejistre nan sistèm lan pou transparans ak sekirite.