ZOUTI - Jesyon Evènman

Ki sa yon Evènman ye?

Yon evènman se nenpòt aktivite oswa randevou ki planifye nan antrepriz la.
Li kapab:
Yon randevou ak yon kliyan oswa yon founisè
Yon reyinyon ant anplwaye oswa patnè
Yon livrezon ki fèt sou yon dat presiz
Yon tach ki dwe akonpli sou yon delè
Yon lòt kalite evènman enpòtan pou fonksyònman antrepriz la

Objektif prensipal jesyon evènman yo:
Planifye tout aktivite antrepriz la
Evite konfli ak lòt evènman ki deja egziste
Pèmèt yon pi bon swivi sou tout angajman


Estrikti Evènman yo

Chak evènman gen eleman sa yo:

Champs Deskripsyon
ID Evènman Nimewo inik pou evènman an
Tit Non evènman an
Deskripsyon Eksplikasyon detaye sou evènman an
Tip Evènman Kategori evènman an (Randevou, Reyinyon, Livrezon, elatriye)
Dat ak Lè Kilè evènman an ap fèt
Patisipan Moun oswa antite ki enplike
Kote Lieu kote evènman an ap fèt
Estati Ki eta evènman an (Pwochen, An Kour, Fini)

Operasyon ki fè pati Jesyon Evènman yo

Kreye yon nouvo evènman

Yon itilizatè ki gen otorizasyon ka ajoute yon nouvo evènman.

Etap yo:

  • Chwazi tip evènman an (Randevou, Reyinyon, Livrezon, elatriye)
  • Antre tit ak deskripsyon evènman an
  • Mete dat ak lè evènman an
  • Ajoute patisipan yo
  • Chwazi kote evènman an ap fèt
  • Sove evènman an

Afiche tout Evènman yo

Itilizatè yo ka wè lis tout evènman ki fèt oswa ki pwograme.

Yo kapab:
kalandriye evènman yo ak tout detay
rechèch sou evènman yo pa tit, dat oswa tip
evènman ki deja pase ak sa k ap vini


Modifye yon Evènman

Yon evènman ka modifye anvan li fèt.

Yo ka modifye:
Tit ak deskripsyon evènman an
Dat ak lè li pwograme
Lis patisipan yo
Kote evènman an ap fèt

Yon evènman ki deja pase pa ka modifye!


Siprime yon Evènman

Yon evènman ka efase si li pa nesesè ankò.

Kondisyon:
Si evènman an poko fèt, li ka efase
Si evènman an te deja pase, li ka sèlman inaktive

Yon fwa sipresyon an fèt, li pa ka retabli ankò!


Suiv Evènman yo

Sistèm lan pèmèt ou swiv chak evènman selon kategori li.

Tip Evènman Deskripsyon
Randevou Rankont ak yon kliyan oswa founisè
Reyinyon Reyinyon anplwaye oswa patnè
Livrezon Yon livrezon ki fèt sou yon dat presi
Tach Yon aksyon ki dwe akonpli nan yon delè

Tout chanjman sou evènman yo ap anrejistre pou transparans.


Sekirite ak Otorizasyon

Se sèlman itilizatè ki gen otorizasyon ki ka jere evènman yo.

Tout aksyon sou evènman yo ap anrejistre pou sekirite ak kontwòl pi fasil.