Yon depo se lajan ki antre nan kont antrepriz la, swa paske:
Yon kliyan peye pou yon machandiz oswa yon sèvis
Yon moun oswa yon antrepriz regle yon dèt li te dwe
Yon fon depo dirèk fèt nan kont la
Objektif prensipal jesyon depo yo:
Asire tout lajan k ap antre byen anrejistre
Pèmèt ou suiv tout tranzaksyon ki fèt
Evite erè oswa lajan ki pa kontabilize
Chak depo gen eleman sa yo:
Chan | Deskripsyon |
---|---|
ID Depo | Nimewo inik pou depo an |
Montan | Kantite lajan ki depoze |
Deviz | Monnen depo an fèt la |
Tip Depo | Vant, Regleman dèt, oswa Depo dirèk |
Moun/Antite | Ki moun/oswa ki antrepriz ki fè depo a |
Moyen Peman | Metòd peman yo itilize |
Dat Depo | Kilè tranzaksyon an fèt |
Yon itilizatè ki gen otorizasyon ka anrejistre yon nouvo depo.
Etap yo:
Itilizatè yo ka wè tout tranzaksyon depo yo.
Yo kapab:
Wè lis tout depo ki fèt
Fè rechèch sou yon depo pa ID oswa non moun/antrepriz ki te fè l
Wè depo yo selon tip yo (vant, regleman dèt, elatriye)
Yon depo ki egziste ka modifye sèlman si li pa deja valide.
Yo ka modifye:
Montan lajan an
Tip depo an
Moun/oswa antrepriz ki fè depo a
Moyen peman an
Yon depo ki deja valide pa ka modifye!
Yon depo ka efase si li pa nesesè ankò.
Kondisyon:
Si depo a poko valide, li ka efase
Si depo a te deja valide, li ka sèlman inaktive
Yon fwa sipresyon an fèt, li pa ka retabli ankò!
Sistèm lan pèmèt ou swiv chak depo ki fèt selon kategori li.
Tip Depo | Deskripsyon |
---|---|
Vant | Lajan ki antre apre vann machandiz oswa sèvis |
Regleman Dèt | Lajan ki antre paske yon moun/oswa antrepriz te dwe |
Depo Dirèk | Lajan ki depoze san okenn vant ni regleman dèt |
Tout chanjman sou depo yo ap anrejistre pou transparans.
Se sèlman itilizatè ki gen otorizasyon ki ka fè aksyon sou depo yo.
Tout aksyon sou depo yo ap anrejistre pou sekirite ak kontwòl pi fasil.