ZOUTI - Jesyon Aktivite

Ki sa yon Aktivite ye?

Yon aktivite se yon tras ki anrejistre tout operasyon ki fèt sou sistèm ZOUTI. Li pemèt administratè yo ak itilizatè yo verifye ki moun ki fè kisa, nan ki dat, ak ki rezilta.

Objektif prensipal jesyon aktivite yo:
Bay transparans sou tout aksyon ki fèt sou sistèm lan
Pèmèt administratè yo swiv itilizatè yo ak entèvansyon yo
Ogmante nivo sekirite lè li montre tout chanjman ki fèt
Pèmèt analiz estatistik sou itilizasyon sistèm lan


Estrikti Aktivite yo

Tout aktivite yo anrejistre bay detay sa yo ak lòt ankò :

Champs Deskripsyon
ID Aktivite Nimewo inik pou chak aktivite
Itilizatè Moun ki fè operasyon an
Tip Operasyon Kisa ki fèt (Kreye, Efase,Modifye, elt.)
Antite Konsène Ki pati nan sistèm lan operasyon an touche
Dat & Lè Lè operasyon an fèt

Operasyon ki fè pati jesyon aktivite

Kreye yon Aktivite

Sistèm ZOUTI otomatikman kreye yon aktivite lè nenpòt aksyon fètsou .

Etap yo:

  • Yon itilizatè oswa sistèm lan fè yon operasyon (ex: efase yon kont).
  • Sistèm lan ranmase tout detay sou operasyon an .
  • Li mete yo nan baz done aktivite yo.
  • Itilizatè ki gen aksè yo ka konsilte li pi devan.

Konsilte Aktivite yo

Yon administratè oswa itilizatè ki gen otorizasyon kapab wè tout aktivite yo.

Yo kapab fè rechèch selon:
Yon itilizatè espesifik
Yon tip operasyon espesifik
Yon antite espesifik
Yon peryòd espesifik

Egzanp:
Si administratè a vle wè tout operasyon "SIPRIME" sou pwodui yo pandan dènye semèn nan, li ka fè yon rechèch sou sa sèlman.


Filtè sou Aktivite yo

Pou fasilite analiz, sistèm lan pèmèt itilizatè yo filtre aktivite yo.

Kritè Filtè Deskripsyon
Itilizatè Wè tout aksyon yon itilizatè fè
Tip Operasyon Chwazi si w vle wè sèlman Ajoute, Efase
Antite Konsène Wè ki operasyon ki fèt sou yon antite egzakt
Dat & Lè Filtre aktivite pa peryòd (ex: dènye 24 èdtan)

Sipresyon Aktivite yo

Yon aktivite pa ka modifye apre li fin anrejistre, men li ka siprime obyen achive pou netwaye bazdone a.

Yon fwa yon aktivite anrejistre, li rete tache ak sistèm lan san okenn chanjman posib.

Sèlman itilizatè ki gen dwa kapab archive oswa efase li.

Efase yon aktivite se yon aksyon irevèsib.

Tout aksyon yo anrejistre pou sekirite epi pou anpeche fwod.


Avantaj Jesyon Aktivite yo

-Tout aksyon yo vizib ak byen detaye
-Fasil pou swiv tout operasyon ki fèt sou sistèm nan
-Sekirite ogmante gras ak tras tout aksyon yo