ZOUTI - Tab Kontwòl Finans

Ki sa Tab Kontwòl Finansye a ye?

Tab Kontwòl Finansye a se yon koze kontablite konplè ki bay antrepriz la yon vizyon klè ak egzak sou sante finansye li.

Avantaj Tab Kontwòl Finansye a:
Vizyalize tout fwon finans antrepriz la an tan reyèl
Kontwole kantite lajan antre ak soti nan antrepriz la
Suiv detay dèt ak kreyans yo
Analize valè aktyèl antrepriz la


Done ki prezante sou Tab Kontwòl Finansye a

Done prensipal ki afiche sou tablo a

Kategori Deskripsyon
Total Depo Kantite total lajan ki antre nan antrepriz la
Total Retrè Kantite total lajan ki sòti nan antrepriz la
Total Dèt Kantite total lajan antrepriz la dwe lòt moun
Total Kreyans Kantite total lajan kliyan yo dwe antrepriz la
Resous Total Valè aktyèl lajan antrepriz la posede

Remak:

  • Total Resous = (Total Depo + Total Kreyans) - (Total Retrè + Total Dèt)
  • Tablo sa a mete ajou an tan reyèl selon tranzaksyon ki fèt yo

Istorik Depo ak Retrè

Tab Kontwòl Finansye a bay yon lis tout depo ak tout retrè ki fèt nan antrepriz la.

Chak tranzaksyon montre:
Dat operasyon an
Montan ki antre oswa soti
Si se yon depo oswa yon retrè
Moun ki fè operasyon an
Yon deskripsyon sou tranzaksyon an

Remak:

  • Depo ak retrè yo klase soti nan pi resan pou rive nan pi ansyen.
  • Itilizatè yo ka filtre ak rechèch sou tranzaksyon sa yo.

Fonksyonalite prensipal Tab Kontwòl Finansye a :

  • Montre rezime total Depo, Retrè, Dèt, Kreyans ak Resous an tan reyèl.
  • Itilizatè yo ka filtre tranzaksyon yo pa dat, montan, tip operasyon, oswa moun ki fè operasyon an.
  • Chak fwa gen yon nouvo depo, retrè, dèt, oswa kreyans, tablo a mete ajou san ou pa bezwen fè anyen.
  • Se sèlman itilizatè ki gen wòl pou sa ki ka wè pati sa.

Tout aksè ak tout aksyon yo anrejistre pou sekirite.


Avantaj Sistèm lan

Asire transparans finansye antrepriz la
Bay done egzat pou pran bon desizyon finansye
Redwi erè nan jesyon lajan ak kontablite
Pèmèt analiz rapid sou sante finansye antrepriz la


Tab Kontwòl Finansye a pèmèt ou jere ak suiiv lajan antrepriz la pi byen!